Ensekirite a kontinye ap fè viktim nan mitan popilasyon an. Yè Madi 11 Fevriye 2025 lan, Macenat Lebelt, yon etidyan Relasyon Entènasyonal nan Sant Etid Diplomatik ak Entènasyonal (CEDI), pèdi lavi l yon fason trajik apre li te fin pran yon bal pèdi pandan l t ap swiv kou nan sal li.
Dapre temwen ki te prezan nan moman an, elèv la te pran yon bal nan tèt li nan mitan sal klas la, sa ki te lakòz anpil panik nan mitan kamarad klas li yo ak anplwaye inivèsite a. Malgre tretman imedya, yo pat rive sove lavi l.
Trajedi sa a, ki pase anndan yon inivèsite, reveye gwo emosyon ak enkyetid konsènan ogmantasyon ensekirite nan kapital la. CEDI, ki te tris anpil pou etidyan sa yo pèdi mal, te eksprime solidarite li ak fanmi etidyan an ki mouri a ak tout kamarad li yo.
Ensidan trajik sa a fèt nan yon klima vyolans ki gaye toupatou, kote bal pèdi chak jou ap touye moun inosan. Elèv yo, ki te sipoze an sekirite nan anviwònman aprantisaj yo, kounye a ekspoze ak danje enprevizib.
Anpil aktè nan sektè edikasyon an ak sosyal reyaji sou trajedi sa a, mande otorite yo pou yo aji rapid pou garanti pwoteksyon sitwayen yo, sitou jèn k ap chèche konesans. Anpil Vwa leve pou mande mezi konkrè pou konbat pwopagasyon zam ak klima vyolans k ap travèse peyi a.
Trajedi sa a raple, yon lòt fwa ankò, ijans pou yon repons solid ak ensekirite k ap grandi ki menase sitwayen yo e ki menase avni timoun ak jèn yo.