ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / Editorial / Lèt pou Leta (Primati ak Laprezidans)

Lèt pou Leta (Primati ak Laprezidans)

Mwen ekri w nan mitan lannwit.
Mwen chita sou yon twotwa nan Pòtoprens, minwi pase, nyaj plen syèl la, sanble lapli pral tonbe. Mwen leve je m, men pa gen kote pou m ale. Telefòn mwen nan men m, men pa gen moun pou m rele. Mwen voye je m nan rigòl la, mwen jwenn yon vye bout plim ki prèske fini ak yon vye moso papye. Mwen pranl pou m ekri w pou m di w sa m ap viv nan lari pòtoprens.

Ou ka pa okouran de kantite moun k ap kite kay yo chak jou. Delmas 9, 11, 13, 17, 19, 30… chak rakwen fin vid, Solino deja livre. Ou ka pa okouran de kantite jèn fanm y ap vyole. Ou ka pa okouran de kantite timoun k ap dòmi anba galri, anba pon, ponp ak sou frizè vid machann yo bò lari a.

Mwen pase sou Plas Delmas 33 pou m chèche yon kote pou m ouvè yon nat. Mwen pa jwenn. Lapli ap menase, men li pa menase plis pase bal k ap chante tout lasenjounen.

Mwen ekri w, paske mwen vle w reponn mwen. Ki kote pou m ale? Mwen kite kay mwen ak tout sa ki ladan l, kounya m ap imilye devan pousyè. Lawouze, ki te konn lave doulè m chak maten, pa vle kouvri m ankò li gentan twò alèz avè m.

Mwen ekri w, paske nou pa kapab ankò. Peyi a ap fonn anba pye nou. Moun ki vle viv onèt ap disparèt. Mwen paka al andeyò lakay mwen, wout nasyonal yo bloke. Sekirite se yon senbòl nou pa rekonèt ankò.

Di mwen, kilè doulè nou ap fini? Kilè n ap pran desizyon pou tabli lapè?

Mwen santi m pa kapab ankò. Si yon moun ta prese sou lari a l ap mache rapid, sa sifi pou tout moun kouri, se yon veritab kalvè paske pawòl moman an se: “nèg yo anvayi.”  epi timoun nan men valiz sou tèt direksyon enkoni

Lapli ap tonbe. Mwen blije chèche yon fèy bannann pou m pare l. Men, èske bannann lan ap ka kouvri nou tout? Eske nou pa merite plis pase yon fèy bannnann pou n pwoteje tèt nou?

Mwen panse ak tout sa nou pèdi. Kay nou, biznis nou. Peyi a tounen yon espas kote pè se sèl lang tout moun pale. Timoun ki ta dwe lekòl ap kouri chache kote pou yo kache. Manman ki ta dwe ap prepare manje pou pitit yo ap kriye nan lari. Ki avni pou nou?

Nou se yon pèp ki gen kouraj, men kouraj la pa sifi lè pa gen okenn mwayen pou nou batay. Chak fwa nou leve pou nou goumen pou n viv, nou pèdi. Nou se nasyon Kiskeya a, men jodi a, nou tounen esklav laperèz.

N ap mande jistis, men nou pa menm ka rele sekou. N ap mande sekirite, men nou pa menm ka dòmi ak de je nou fèmen. N ap mande espwa, men chak jou, espwa nou ap mouri anba kout zam, anba mizè, anba imilyasyon.

Mwen ekri w, paske mwen vle w tande vwa nou. Mwen vle w santi doulè nou. Mwen vle w reponn nou.

M ap tann repons ou.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://eechicha.com/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture