Yon petisyon palmantè te lanse Jedi 20 Fevriye 2025 lan kont fondatè SpaceX la Elon Musk pou revoke sitwayènte kanadyen li.
CEO Tesla a ak direktè Depatman Efikasite Gouvènman Trump lan (Doge), ki fèt nan Lafrik di sid, gen nasyonalite Kanadyen atravè manman l ‘, orijinè Regina, ki sitiye l nan sid peyi a, vin yon alye fawouch Donald Trump, ki vle fè Kanada tounen « 51yèm eta » Etazini, Elon Musk akize pa otè tèks, « Qualia Reed », li te « angaje nan aktivite ki ale kont enterè nasyonal Kanada » epi li te « sèvi ak richès li ak pouvwa li pou te enfliyanse eleksyon Etazini yo « . Sipòte pa Depite demokrat Charlie Angus, petisyon an te gen prèske 190,000 siyati lendi nan aswè, se sa The Guardian rapòte.
Kounye a, Musk vin yon manm nan yon gouvènman etranje ki ap eseye efase souverènte Kanadyen yo. Yo dwe goumen kont Tantativ Elon Musk pou atak li kont souverènte Kanadyen yo! » Pou yo ka prezante petisyon yo bay House of Commons Kanada, li dwe genyen minimòm 500 moun ki siyen l epi yo dwe jwenn yon sètifikasyon pou li. Petisyon an fini ak yon demann bay Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau: « ke sitwayènte ak paspò Kanadyen patwon SpaceX la dwe tou de » revoke imedya ».
N ap raple w je Donald Trump menase pou enpoze tarif 25% sou tout pwodwi Kanadyen yo nan kòmansman mwa mas la, sa ki ka deklanche yon gè komèsyal ak plonje peyi a nan yon resesyon. Prezidan Ameriken an te mansyone tou plizyè fwa posiblite pou Etazini ak Kanada fizyone e li te menase pou sèvi ak « fòs ekonomik » pou aneks vwazen nò li a, e konsa fè peyi a 51yèm eta Ameriken an.
Relasyon kanada ak Etazini kounye a gen gwo enkyetid , yon sitiyasyon konplèks ki ka gen gwo repèkisyon sou relasyon zanmitay 2 peyi yo.