Fondasyon Je Klere (FJKL) di li aprann ak tristès nouvèl lanmò Me Wendell Coq THELOT ki mouri nan rezidans prive li nan Mamelad vandredi 10 janvye 2024 la.

Ansyen jij nan Tribinal Kasasyon Repiblik la, pwofesè Dwa Komèsyal, otè yon Manyèl Dwa, Majistra Wendell Coq THELOT se yon figi klas mwayèn ki te rann anpil sèvis nan kominote a. Li te fòme plizyè jenerasyon avoka ak majistra. Li te anrichi jirispridans ak doktrin ayisyen an gras ak refleksyon li, kapasite analitik li, sans kritik li ak foug syantifik li.
Menm jan ak nenpòt figi nan klas mwayèn ki fè siksè nan Ayiti, majistra Wendell Coq THELOT te fè fas, nan lavi l, ak enkonpreyansyon, atak pèsonèl, kanpay asasina karaktè, nan pwen ke non li te asosye mal nan asasina defen Prezidan Jovenel MOISE anvan ke tribinal yo te blanchi l apre yon ankèt kriminèl ki dire prèske twazan.
Nan okazyon an, depa ansyen majistr a, Fondasyon Je Klere (FJKL) prezante senpati li bay fanmi ki afekte yo, bay Majistra yo, ansyen etidyan li yo ak tout kominote jistis la.
Se pou nanm li repoze anpè!