Gwo pale anpil nan mitan popilasyon an apre kèk medya fin pibliye enfòmasyon ki fè kwè ke gouvènman an ta bay 11 milyon dola vèt pou Sunrise ta reprann vòl sou Ayiti. Kisa bagay la ye reyèlman?
Gouvènman an pa sibvansyone ni dekese 11 milyon dola vrèman, se yon fon ke leta mete tankou garanti k ap aktive si tout fwa ta gen ensidan pandan vòl Sunrise yo sou Ayiti, pliske okenn konpayi asirans etranje pa vle kouvri vòl sou Pòtoprens, se rasyonèl pwotokòl la.
Daprè Ralph E. François, se yon mank kominikasyon bò kote gouvènman ki kòz move enfòmasyon sou kesyon an.