Home / National / Kilès Holibrice Obillard ye?

Kilès Holibrice Obillard ye?

Holibrice Obillard fèt nan Benè, Sidès Ayiti nan yon fanmi ki gen 5 pitit. Li grandi Pòtoprens, se la tou li etidye epi debite ak karyè pwofesyonèl li.

Obillard se yon: jounalis, fotograf, senaris, reyalizatè ak montè videyo.  Se nan domèn sa yo tou li debite karyè pwofesyonèl li.

Holibrice Obillard se ansyen fotograf: Haitixchange, radyo Ginen, Televizyon canal 11, Tripotay lakay, Haïti Buzz, Ti chèz ba, ak plizyè lòt ankò. Sa deja montre ke li gen yon karyè vrèman entèresan nan domèn fotograf.

4 Mas 2019, Li te kreye Holly Plus Média Aktyèlman kbap bay sèvis nan komin Benè. Pou kounya a, Holibrice Obillard se PDG Holly Plus Média ak anmweTv. 2 medya sa yo espesyalize nan pibliye aktyalite sou Ayiti, nan yon fason pou ede w dekouvri peyi a ak tout bèl richès li gen ladan l. Li pa sèlman yon senp PDG, men yon gason kanson ki chaje ak vizyon.

Ou ka vizite:

Depi 2019, Pdg Holly Plus Média a, chwazi retounen lakay li Benè pou l al bay sèvis. Si w abitye vizite paj Holly plus Média yo ak anmweTv, w ap wè bèl foto, videyo ak tout evènman k ap pase nan komin lan ak anpil pwovens nan peyi a.

Travay gwo potorik gason sa a pa gen pri, pou sakrifis li chwazi fè pou rive enfòme w. Avèk kamera l, tout kote pre pou li, depi se evènman. Lavil kou andeyò, nan tout rankwen, l al chache enfòmasyon pou l pote ba ou.

Malgre jan peyi a fin depafini, Holibrice Obillard, pa sispann vann bèl imaj Ayiti atravè foto, videyo, ak bèl entèvyou l yo. Yon pwofesyonèl ki ta dwe ap travay nan gwo antrepriz, chwazi chita nan rejyon kote l sòti pou l kòmanse toupiti. Nan vizyon l, yon jou la rive fè Holly Plus Média yon gwo antrepriz nan mond medyatik la nan peyi Dayiti.

Avèk Holly Plus Média, Pdg a pa sèlman kouvri evènman, li sipòte lòt medya nan komin Benè a, nan ede yo kouvri aktivite pa yo, sa vle di Obillard se yon kolaboratè.

Holly Plus Média ak anmwe.com poko vrèman gen sipòtè, se s ak fè li bezwen soutyen tout piti komin lan, kit sa ki Ayiti oubyen aletranje pou l kontinye bay pi bon sèvis ak bon jan enfòmasyon, epi rive genyen gwo materyèl ki plis pwofesyonèl pou l travay pi byen.

Nan yon peyi ki fin kangrennen ak move grenn ayisyen, nou bezwen jounalis ki gen vizyon pou vann peyi a byen, sa se youn nan misyon Holly Plus Média, nou espere anpil lòt rejwenn li nan bèl misyon sa a, konsa n ap konstwi yon lòt Ayiti.

Le Bainétien souhaite un Joyeux anniversaire à Holibrice Obillard, Joyeux anniversaire à Holly Plus Média. Nous vous aimons❤️

Étiquetté :

Un commentaire

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://aiharsoreersu.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture