Jedi 9 janvye 2025 lan, KEP a rekrite de manm (yon vis-prezidan ak yon sekretè-trezorye) pou chak BRC ak twa manm (yon prezidan, yon vis-prezidan ak yon sekretè-trezorye) nan chak BRD.
Yo envite moun ki enterese pou yo soumèt dosye yo nan biwo depatman KEP a soti 13 rive 16 janvye. Dosye a dwe genyen yon lèt kouvèti, yon CV, yon kopi kat idantifikasyon nasyonal (CIN), yon kopi nimewo matrikil fiskal (NIF), yon sètifika bon konduit ak moralite, yon kopi diplòm reyalizasyon akademik ak de referans pwofesyonèl oswa kominotè.
Kandida a dwe gen nasyonalite ayisyen, abite nan depatman oswa komin ki konsène a, gen omwen 25 lane pou « BRC » a ak omwen 30 lane pou « BRD » a. Li dwe jwi dwa sivil ak politik li.
Kandida a dwe gen entegrite ak moralite, gen yon diplòm inivèsite epi si li gen eksperyans nan domèn administratif, elektoral oswa kominotè, sa ap yon avantaj pou li, daprè KEP a.
Misyon li, yon fwa yo chwazi li, pral sipèvize ak kowòdone operasyon referandòm nan nivo depatman oswa komin yo, patisipe nan òganizasyon ak aplikasyon referandòm lan ak eleksyon, asire konfòmite ak pwosedi elektoral yo.
