Pou yon lòt fwa ankò, Donald Trump sijere lide pou fè Kanada vin 51yèm eta Ameriken, apre demisyon Justin Trudeau.
« Etazini pa ka fè fas ak defisi komèsyal masiv ak sibvansyon ke Kanada bezwen pou l byen fonksyone, » se sa Donald Trump te ekri sou platfòm li a, Truth Social.
« Justin Trudeau te konnen sa epi li demisyone, » ajoute Trump. Si Kanada fizyone ak Etazini, p ap gen tarif dwanye, taks yo ap bese anpil, epi Kanada ap totalman an sekirite kont menas bato Ris ak Chinwa ki toujou ap antoure l yo. Ansanm, ala yon gwo nasyon li ta ye!!! »
Ansyen Premye Minis Quebec la Jean Charest bò kote pa l te di ke li te twouve kòmantè sa a « ensiltan » pou Kanadyen yo.
Nan dat 18 desanm lan, Donald Trump te retounen ak menm pawòl la epi li te ekri pou l di ke plizyè Kanadyen vle Kanada vin 51yèm eta Ameriken . Dapre yon sondaj, 13% Kanadyen ta renmen ke Kanada vin 51e eta Etazini, alòske 82% di opoze.
Trump genlè pa vin jwe fwa sa a ankò, li sanble yon menas non sèlman pou migran k ap viv Etazini, men pou lòt peyi ke li menm ak Elon Musk vle antre fon nan politik yo akoz enfliyans yo sou plan ekonomik ak teknoloji.