Kabinè Konseye Prezidan, Doktè Louis Gérald Gilles, òganize yon seyans travay jodi Mèkredi 12 fevriye 2025 lan ak reprezantan Federasyon Ayisyen Mikwo, Mwayen ak ti Antrepriz yo (FHAPME), ansanm ak plizyè manm nan gouvènman an, tankou Minis Kondisyon feminen ak Dwa Fanm yo, Pédrica Saint Jean, Minis Ekonomi ak finans lan, Alfred Metellu ak Minis Komès ak Endistri a, James Monazard.
Reyinyon sa a te vize analize sitiyasyon aktyèl MPME, idantifye gwo defi y ap fè fas ak pwopoze mezi konkrè pou amelyore yo, an patikilye nan bay alokasyon fon espesifik nan bidjè nasyonal la.
Dapre misyon ki konfye Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (kPT) a nan domèn ekonomi an, yo mete aksan sou aplikasyon pwogram ki vize sipòte sektè kle yo nan peyi a, an patikilye sektè ki pi vilnerab yo. Yo planifye yon pwochen sesyon travay byento pou kontinye diskisyon yo epi asire konkretisasyon aksyon ki planifye yo.
