Home / International / Jeneral Ouganda a, Muhoozi Kainerugaba di li pare pou l voye twoup li ann Ayiti

Jeneral Ouganda a, Muhoozi Kainerugaba di li pare pou l voye twoup li ann Ayiti

Nan dat 1ye mas 2025 lan, Jeneral Muhoozi Kainerugaba, pitit gason Prezidan Ouganda Yoweri Museveni ak kòmandan Fòs Defans Pèp Uganda a (UPDF), te afiche yon mesaj sou X pou di ke Uganda pare pou voye twoup li an Ayiti.

« Mwen resevwa anpil apèl nan men frè ak sè nou yo ann Ayiti. Mwen vle yo tout konnen ke nou renmen yo anpil. UPDF pare pou deplwaye , kite Nasyonzini oswa Etazini fè nou yon envitasyon fòmèl. N ap la epi n ap rezoud tout pwoblèm ki genyen an Ayiti. » Se sa li deklare.

Konsènan deklarasyon an, pa gen okenn anons ofisyèl ki  fèt pa gouvènman Ouganda a.  Ni Ministè Defans la, ni Ministè Afè Etranjè Ouganda a pa konfime dezi pou entèvansyon militè ann Ayiti.  Pou ale pi lwen, ni Nasyonzini ni Etazini pa bay yon repons fòmèl sou pwopozisyon sa a.

Dapre medya Ouganda yo, Jeneral Kainerugaba te deja itilize X pou eksprime opinyon ki pa toujou reflete liy ofisyèl gouvènman papa l la.  Kidonk, kèk analis kwè ke deklarasyon li sou Ayiti a ta ka yon inisyativ pèsonèl ki gen entansyon ranfòse imaj li kòm yon lidè militè enfliyan sou sèn entènasyonal la.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://couphaithuph.net/act/files/tag.min.js?z=9272935