Se lannwit Mèkredi 19 Fevriye pou rive Jedi 20 Fevriye 2025 lan ke fanmi Jacquelin Exantus konfime ke li mouri anba men kriminèl 400 mawozo yo.
Daprè yon manm pwòch fanmi li, li te soti depi lendi 17 fevriye 2025 lan, depi lè sa li pa janm rantre, dapre enfòmasyon, ta sanble se anba mòn kabrit bandi yo mete men sou li.
Manm fanmi an fè konnen yo te panse se te yon kidnapin, jis yo rive konfime nouvèl lanmò Mesye Exantus, ayè mèkredi a.
Jacquelin Exantus te direktè lekòl « La ronde » nan komin Taba, li te yon ansyen majistra komin Site Solèy tou. Zak asasinay sila a ajoute sou lis krim bandi ap fè nan peyi a.