Home / National / Gwo van panik nan Pòtoprens

Gwo van panik nan Pòtoprens

Jodi Jedi 20 Fevriye 2025 lan, Gwo vant panik soufle sou plizyè katye nan Pòtoprens, kote plizyè dizèn sitwayen te foule beton an  pou mande Leta pran bon jan dispozisyon pou ba yo sekirite.

Manifestan yo ki soti nan katye popilè tankou Solino, Kafou fèy elatriye, egzije otorite yo pou rezoud pwoblèm sekirite a. Manifestan yo te mete barikad nan lari epi boule kawotchou, yon fason pou fè revandikasyon yo pase.

Yon lòt bò, depi mèkredi swa gwo kout zam ap chante nan Kafou fèy. Malgre popilasyon an te retounen ak gwo kè kontan, apre yo te fin kouri kite kafou fèy deja, pou kounya, yo lage nan menm sitiyasyon an.
Kèk sitwayen te oblije kite kay yo, yon lòt fwa ankò nan katye sa, pou al chache refij lòt kote.

N ap raple w malgre anpil sòlda etranje k ap rantre chak jou pou ranfòse fòs Miltinasyonal la, poko gen okenn entèvansyon miskle ki fèt pou kwape kriminèl k ap simen latwoublay nan mitan popilasyon an.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://couphaithuph.net/act/files/tag.min.js?z=9272935