Gwo joure nan mitan popilasyon an aprè Leslie Voltaire fin inogire Ayewopò entènasyonal Antoine Simon an nan Okay😀

Se jou Mèkredi 05 Mas 2025 lan ke Prezidan Leslie Voltaire inogire Ayewopò entènasyonal Antoine Simon an nan Okay. Anpil otorite te debake pou patisipe nan gwo seremoni sa a.

Yon lòt bò, popilasyon an andyable aprè inogirasyon sa a. Anpil moun konsidere l tankou yon maskarad, yon move imaj pou peyi a. Si w ap gade imaj yo, fòw ta di se kèk lopital, lekòl oubyen dispansè, daprè sa kèk moun di.

Rezo sosyal yo pa sispann fè deba sou inogirasyon sa a. Kèk pèsonalite enfliyan nan popilasyon an wè bagay sa a tankou yon desepsyon pou peyi a.

Kèk reprezantan Jet Blue te vizite Ayewopò a pou analoze si l ka resevwa vòl entènasyonal. Daprè entèvansyon otorite yo, avan ane a fini, y ap ka resevwa vòl entènasyonal.

N ap raple w ke Leslie Voltaire  inogire Ayewopò sa a kèk jou avan l remèt pouvwa a bay yon lòt prezidan pou fè ti kout pa l.

Kèk imaj Ayewopò entènasyonal Antoine Simon Okay

Le Bainétien
Le Bainétien

Le Bainétien est un journal d'actualités sur la commune de Bainet et le reste du monde.
S'informer autrement est notre mission.

Articles: 362

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://grookilteepsou.net/act/files/tag.min.js?z=9272935