Yon konfli pete ant jounalis Thériel Thélus, animatè emisyon Ti koze ak TT, ak enfliyansè Janmsotba, ke yo konnen sou ti non « Jwif nwa ». Apre yon tak o tak sou rezo sosyal yo, Thélus akize Janmsotba pyeje l, li mete non l ak repitasyon l an danje, men tou sekirite fanmi li.
Bagay la te pran yon lòt dimansyon lè Janmsotba te pibliye fo enfòmasyon sou Thériel Thélus, akonpaye yon sipoze foto lakay li Ozetazini. Dapre Jounalis la, bagay sa a mete fanmi li an danje. Thériel ki refize rete an silans, te voye jete tout akizasyon sa yo e li te avèti ke gen mezi k ap pran kont agresè li a.
Janmsotba te ale pi lwen lè li te fè tèt li pase pou yon swadizan Vanessa Charles. Li te sèvi ak yon lòt nimewo telefòn, li voye mesaj bay Thélus, prezante tèt li kòm yon moun ki vle revele enfòmasyon sou Janmsotba . Thériel ki te pran enfòmasyon sa a pou verite te eksprime entansyon li pou fòse Janmsotba fè silans.
Nan yon dènye layv, Janmsotba te pran pòz li vle mande Thériel eskiz an piblik. Poutan eskiz la te tounen yon imilyasyon piblik. Enfliyansè a te ekspoze plan li a an dirèk, li rele jounalis la epi li te revele ke se yon sèn li te monte.
Pou Thériel, pèlen sa a lye dirèkteman ak denonsyasyon li kont gang yo ki, daprè li, sèvi ak TikTok pou blanchi lajan lè yo voye kado vityèl tankou « Lyon » pandan emisyon an dirèk konplis yo. Pozisyon sa a te fè yo sible l.
Jounalis la te revele tou, ke Janmsotba, anba fo idantite li, ta ofri l 50,000 dola pou achte silans li. Jounalis la fè konnen li refize lajan sa a, Li sèlman vle chèche respè ak jistis.
Ki kote koze sa ap rive? Kilès k ap bay vag, kilès k ap genyen? Eske paka gen yon antant? Yon koze ki eklate rezo sosyal yo ke nou dwe swiv ak anpil atansyon.