Yon reyinyon ki t ap òganize nan otèl El Rancho fini nan gwo goumen. Sa make yon nouvèl epizòd nan lavni politik Ayiti a. Yon rankont ki ta konsènen lavni konsèy la transfòme an vyolans fizik ant manm yo.
You n nan kesyon ki te fè gwo diskisyon, se ranplase Gérard Gilles, ki divize akò politik 21 Desanm lan.
Evènman sa montre gwo goumen ki genyen nan mitan gwo palto nan politik peyi a. Pandan tranzisyon an sable vasiye fas ak rivalite ki genyen. Kèk obsèvatè lonje dwèt yo sou tranzisyon an ki paka ini pou pote rezilta.
Pandan ke pèp Ayisyen an ap tann yon amelyorasyon nan sitiyasyon peyi a, se plis twoub fas a jan konsèy la ap mennen bak peyi a. Yon sitiyasyon ki mete gwo twoub nan tèt pèp la sou avni Peyi a.