Home / International / Gouvènman Donald Trump lan deja kanpe aplikasyon CBP one lan

Gouvènman Donald Trump lan deja kanpe aplikasyon CBP one lan

Jounen jodi 20 Janvye 2025 lan, administrasyon Trump lan ofisyèlman kanpe aplikasyon CBP one TM lan, yon zouti ki te itil anpil migran ki t ap chache rantre legal Etazini yo. Desizyon sa a anile plis pase 30 000 randevou.

Sipresyon platfòm sa a fè gwo pale nan mitan defansè dwa moun yo, ak anpil kè Bò kote migran yo. Selon administrasyon Trump lan, desizyon sa pran nan lide pou ranfòse sekirite nasyonal epi limite kantite moun k ap rantre ilegal nan peyi a. Pou anpil moun ki t ap tann yo trete dosye yo, se tankou yon kout kouto yo pran apre aplikasyon CBP one lan fin kanpe.

Daprè Luckson Saint-Vil, se tankou yon blòk glas nouvo gouvènman ameriken an voye sou migran ki Meksik k ap tann randevou, oubyen ki te pran randevou ki t ap pèmèt yo rantre legal Etazini. Se sa li ekri sou kont X li.

Avèk sipresyon CBP one TM lan, poko gen mwayen legal pou migran sa yo rantre Etazini. Dezisyon sa rantre nan kad yon seri lwa administrasyon Trump lan pral pran pou sekirize fwontyè yo ak kantite moun k ap chache rantre nan peyi a. Pou kounya, poko gen lòt mwayen ofisyèl pou moun sa yo aplike pou pwosesis dosye yo.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://couphaithuph.net/act/files/tag.min.js?z=9272935