ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / Haïti / Gouvènman an siyen yon pwotokòl akò ak rasanbleman Madan Sara(RAMSA)

Gouvènman an siyen yon pwotokòl akò ak rasanbleman Madan Sara(RAMSA)

Samedi 28 Desanm 2024 la, sou direksyon premye minis lan,  Minis komès ak endistri a, Mesye James Monazard, yon pwotokòl akò  siyen ak Rasanbleman Madan Sara (RAMSA). Inisyativ sa a fè pati efò Gouvènman an  pou kontinye  pou sipòte aktè ki pi vilnerab yo nan ekonomi nasyonal la, nan yon kontèks ki make ak anpil defi sosyo-ekonomik.

Seremoni an, ki te òganize nan lokal RAMSA a, se te yon opòtinite pou echanj rich ant pati ki gen enterè yo.  Reprezantan Madan Sara a te pataje temwayaj li,  li te ekspoze reyalite ak defi lavi chak jou yo.  Rekòmandasyon sa yo pral jwenn Premye Minis lan,  Alix Didier Fils-Aimé, nan lide pou reponn konkrètman a nesesite yo.

Madan Jocelyne Jean Louis, Kòdonatris RAMSA, ouvè seremoni an ak yon minit silans nan memwa viktim ensekirite yo.  Li  kalifye etap istorik sa a, kòm premye angajman Leta a an favè Madan Sara yo.

Nan diskou li , Minis Monazard reyafime wòl fondamantal Madan Sara nan ekonomik peyi a.  Li anonse yon premye sibvansyon « uit milyon goud » pral bay ak  RAMSA  apati mwa janvye 2025 lan, yon kanpay fòmalizasyon pral lanse.  Inisyativ sa a vize akòde rekonesans ofisyèl ak Madan Sara  ki pral ba yo aksè a kredi ak lòt opòtinite ekonomik. 

Akò  sa a fè pati yon seri mezi estratejik Gouvènman an  adopte, anba direksyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak Konsèy  Prezidansyèl Tranzisyon an ki  dirije pa  Leslie Voltaire, pou relanse ekonomi nasyonal la.  Sipò pou mikwo, piti ak mwayen antrepriz (MPME), ansanm ak sipò pou Madan Sara, reflete yon dezi fèm pou rekonstwi yon ekonomi ki enklizif, ki rezistan epi ki ka pote espwa pou tout sitwayen.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://fenoofaussut.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture