ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / National / Gouvènman an inogire pò Sen Lwi nan Sid peyi a

Gouvènman an inogire pò Sen Lwi nan Sid peyi a

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Ekselans Leslie Voltaire inogire Pò Sen Lwi nan Sid la jounen vandredi 17 janvye 2025 la. Inogirasyon an te fèt nan prezans plizyè pèsonalite tankou : minis Ekonomi ak Finans lan, minis Travo piblik Transpò ak Kominikasyon an, minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal la, Direktè Jeneral Polis la, direktè dwàn lan, direktè APN nan ak plizyè aktè nan Gran Sid la.

Nan diskou Prezidan KPT a fè pou sikonstans lan, li fè konnen se yon gwo viktwa nan batay pou devlopman Sid la. Li mete chapo ba devan kouraj ak pèseverans tout moun ki patisipe nan gwo travay pou inogirasyon sila a.

Prezidan Konsèy la pwofite anonse Pò sid la reprezante kòmansman anpil lòt pwojè k ap gen pou reyalize nan goumen k ap fèt pou gen desantralizasyon nan peyi a.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://vaugroar.com/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture