Ewopeyen yo pral travay pou « mete fen nan konba a », se asirans sa a Keir Starmer bay nan somè sou sekirite ewopeyen an ak gè ki gen nan yei Ikrèn ki pa janm kanpe a, Dimanch 02 Fevriye 2025 lan, nan Lond. « Ewop dwe fè anpil nan travay la, men pou defann lapè sou kontinan an, efò sa a dwe jwenn èd Etazini », se sa premye minis Britanik lan te di.
Ewòp kanpe bò kote Ikrèn. Se mesaj sa a yo te vle fè pase pandan wikend lan. Bò kote Volodymyr Zelensky ak Keir Starmer, te genyen yon douzèn dirijan ewopeyen, pami yo: Emmanuel Makron, Olaf Scholz, Pedro Sanchez , men tou sekretè jeneral Otan an, Mark Rutte ak Ursula Von Der Leyen, prezidant komisyon ewopeyen an.
« Yon bagay mwen konnen, nou dwe fè yon gwo pa nan domèn defans. Nou dwe ogmante depans nou yo nan kesyon defans. Nou vin konprann aprè yon peryòd nou pa twò depanse, kounya a li vin enpòtan anpil pou nou ogmante envestisman nou pou yon peryòd pwolonje, e se pou sekirite Inyon Ewopeyen an. » Se sa prezidant komisyon ewopeyen an afime.
Aprè 2 zè diskisyon, yo vin konprann ke Ewòp dwe jwenn yon politik defans komin ak envestisman nesesè pou yo reyalize plan sekirite sa a. Pou koutnya, y ap kontinye pote soutyen militè yo ak Ikrèn epi pwopoze yo akò lapè, yon plan pou sispan gè a ak Donald Trump ke yo kapab negosye ak Vladimir Poutine. Britanik yo di yo prè pou yo bay Volodymyr Zelensky garanti nesesè ak respè pou kanpe gè a, epi ba li yon kouvèti sekirite aeryen ak twoup militè sou tèren.
N ap raple w, ke desizyon otorite Ewopeyen yo pran pou pote soutyen yo bay Ikrèn lan vini aprè yon gwo altèkasyon ant Donald Trump ak Vlodymyr Zelensky. Nan reyaksyon l, Lokatè mezon blanch lan vle enpoze l sou prezidan Ikrèn lan pou l aksepte desizyon Trump lan.