Home / Politique / Fritz Alphonse jean enstale kòm nouvo prezidan peyi Dayiti

Fritz Alphonse jean enstale kòm nouvo prezidan peyi Dayiti

Se jodi Vandredi 07 Fevriye 2025 lan ke konseye prezidan Fritz Alphonse Jean vini ofisyèlman nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT). Li ranplase nan pòs sila a, Mesye Leslie Voltaire epi li ap rete nan tèt Konsèy la jiska 7 dawout 2025 konfòmeman ak rezolisyon 4 oktòb 2024 la konsènan Prezidans tounant lan.

Seremoni pasasyon pouvwa a te òganize nan Viladakèy nan prezans Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak manm Gouvènman li an, Kòmandan an chèf Lame a, Derby Guerrier, Direktè Jeneral Polis la, Rameau Normil, Chèf Misyon miltinasyonal la, Godfrey Otunge ak plizyè manm nan kò diplomatik la.



Nan diskou li fè pou sikonstans lan, Prezidan sòtan an, Ekselans Leslie Voltaire, eksprime fyète l genyen pou pase flanbo a bay Mesye Fritz Alphonse Jean. Li fè konnen Prezidans tounant lan reflete matirite politik manm Konsèy la. Li remèsye kòlèg li yo ak tout lòt moun ki te sipòte l pandan peryòd li t ap prezide KPT a epi li fè bilan reyalizasyon li yo.

Sou bò pa li, nouvo Prezidan Konsèy la, Ekselans Fritz Alphonse Jean pwomèt pou l kontinye travay pou KPT a akonpli misyon li.  Li pwomèt li pral mobilize tout resous nan Leta a pou goumen pou mete lapè nan peyi a.

Nan sans sa a, gen anviwon 3 000 rekritman ki pral fèt nan Lame ak Polis la. Gen plizyè lòt gwo mezi KPT a pral pran toujou nan sousi pou rezoud pi gwo pwoblèm peyi a ap fè fas la. Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ap fè tout sa l kapab pou l toujou pi pwòch popilasyon an pou asire byennèt li. Si nou kwè deklarasyon nouvo prezidan an.

N ap raple w malgre KPT a sou twazyèm prezidan tounant li, poko gen anyen ki fèt pou amelyore sekirite a nan peyi a. Jiskaprezan popilasyon an k ap viv nan abri pwovizwa yo poko ka retounen lakay yo, okontrè plis moun nan kouri chak jou.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://upskittyan.com/act/files/tag.min.js?z=9272935