PSG kòmanse ane a ak yon bèl tit gras a Ousmane Dembélé. Paris Saint Germain ranpòte trofe chanpyon an Dimanch 5 Janvye 2025 lan. Nan Doha, Qatar, parisyen yo deplwaye tout fòs yo, jis nan dènye minit, Dembélé make yon gòl gras ak yon sant Fabian Ruiz.
