ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / Sport / Foutbòl: Cristiano Ronaldo limen dife an Frans, li konsidere lig Arabi a « pi bon » pase Lig 1 an

Foutbòl: Cristiano Ronaldo limen dife an Frans, li konsidere lig Arabi a « pi bon » pase Lig 1 an

Pandan l ap avanse prè 40yèm anivèsè nesans li nan mwa k ap vini an. Cristiano Ronaldo double rekonpans li ak de gran twofe .  Li kouwone kòm meyè jwè nan Mwayen Oryan  ane a epi meyè bitè nan tout istwa foutbòl la, yon rekonpans ke « Global Soccer » ba li. Li te tou pwofite fè kèk deklarasyon sou lig Arabi a ak Lig 1 an, epi bay opinyon l sou balon dò a ke yo p at bay Vinicius.

Pandan Globe Soccer Awards la, nan Dubaï, vandredi 27 Desanm 2014 la, Ronaldo jije ke Lig foutbòl Arabi a, kote l ap jwe a, pi bon pase chanpyona fransè a.  Eli meyè jwè nan Mwayen Oryan an, ansyen zetwal Real Madrid ak Manchester United la ap jwe nan Al-Nassr depi janvye 2023.

Aparaman, Cristiano Ronaldo  swiv ak anpil atansyon Lig talan yo si nou vle kwè opinyon li  Vandredi sa a nan Emira Arab Ini.  Pòtigè a ranpòte tit pi bon jwè nan Mwayen Oryan kont Sergej Milinkovic-Savic (Al-Hilal) oubyen Riyad Mahrez, ki jwe pou Al-Ahli.  Li te tou pwofite fè lwanj pou nivo chanpyona kote li ap jwe depi 2023 a ke l konpare ak Lig 1 an.  Ansyen jwè Manchester United la make 59 gòl nan 59 match lig ke li te jwe yo.

CR7 la toujou pwofite pale tou sou Balon dò  a, Rodri te pran nan mwa Oktòb la.  Dapre li, se Vinicius Jr ki te merite l, men yo pran l bay  milye teren  Panyòl la.  « Vinicius ta dwe genyen li, se enjistis, » li te kritike sa. 

Vinicius ki  pran tit pi bon atakan pou ane a, bò kote pa l te reyaji, li di: « Cristiano di mwen se pi bon an? Mwen se  zidòl li, mwen kontan tande pawòl sa yo,se yon onè pou mwen. Si li di li, se sa mwen ye », se reyaksyon zetwal Real Madrid la. zetwal, ki te kontan tande  konpliman sa yo.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://couphaithuph.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture