Fontamara: Klèb literè Émeric Bergeau rann omaj a yon gwoup jèn lidè ki deside pote lespwa pou zòn lan

Nan yon kontèks kote otorite yo prèske abandone tout bagay, yon gwoup jèn nan Fontamara deside bay yon egzanp. Malgre sitiyasyon difisil ke kominote lan ap travèse, yo deside angaje yo nan Nan kèk bèl pwojè ki touche domèn tankou: edikasyon, kilti, antreprenarya ak anviwonnman. Angajman sa yo kontribye nan devlopman zòn sila epi vize chanje move naratif yo epi pote yon van lespwa pou tout jèn nan Fontamara.

Klèb literè Émeric Bergaud (CLÉB) ki konprann enpòtans gwo travay sa a deside rann yo omaj. Fidèl ak misyon yo, pou valorize talan ak pataje istwa ki ka enspire lòt moun, klèb la valorize jèn lidè sa yo ki tankou yon senbòl espwa pou nasyon an.

A travè kèk inisyativ lokal, jèn sa yo deside konstwi yon pon nan mitan yon popilasyon ki fin depafini. .Pami yo, nou genyen:

Kendy Fleuran, inisyatè “Siksè jèn”. Li akonpanye jèn yo, montre yo kòman pou yo pran otonomi yo epi oryante yo nan reyisit pwofesyonèl yo.

Jonathan Joseph, ki fè non l gras ak pwojè “ti te gaz”. Bò kote pa l pwomèt pou pote solisyon ak konbat kèk maladi gras ak medsin tradisyonèl.

Emmabens Moreau, fondatè « Antreprenarya san Dola(ASD) », ki vle transfòme antreprenarya kote tout moun ka gen aksè avè l.

Christ-Love Augustin, fòs motris JES ak Christie Pâtisserie, ki deside akonpanye kominote a nan fason pa l.

Sephora Duversaint, Lidè k ap dirije Sepho Prodz, li valorize kreyativite lokal yo atravè pwodiksyon atistik.

Oriol Antoine, fotograf ak yon talan ekstraòdinè, ki prè pou vann zòn lan ak tout bèl reyalite l yo.

Shadrac Joseph, jounalis angaje, ki prè pou dokimante ak fè yo tande vwa kominote a nan yon travay san parèy.

Cindy Sanon, pilye CLÉB, ki travay san pran souf pou fè pwomosyon pou literati ak edikasyon nan popilasyon an.

LI difisil anpil, men ak zong dwèt yo, jèn sa yo ap travay pou kenbe eskanp figi zòn lan ke nèg ak zam, politisyen ak vès vle kraze. Pafwa, manke mwayen ekonomik, ensekirite, ak tout obstak ke yo ka jwenn, ta dwe fè yo abandone. Men, yo pran fòs , ak anpil detèminasyon pou yo afwonte reyalite a.

Fontamara p ap pèdi, ni tou li p ap yon senbòl teritwa pèdi. Gras ak jèn sa yo, l ap yon leson kouraj, pèseverans ak lafwa.

Le Bainétien
Le Bainétien

Le Bainétien est un journal d'actualités sur la commune de Bainet et le reste du monde.
S'informer autrement est notre mission.

Articles: 362

2 commentaires

  1. M vle felisite ekip JOUNAL 24 la, nan menm tan an mande nou tanpri souple modifye siyati a pou mwen, se Kendy Fleuran, Fleuran an san T sans D.
    Konte sou konpreyansyon nou, m salye epi remèsye nou deja.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://vaugroar.com/act/files/tag.min.js?z=9272935