ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / National / Fineray Frankétienne, plizyè manm nan gouvènman an te prezan

Fineray Frankétienne, plizyè manm nan gouvènman an te prezan

Se jodi Vandredi 28 Fevriye 2025 lan ke fineray  Jean Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent chante nan legliz sen Pyè nan Petyonvil. Frankétienne, gran ekriven Ayisyen an te mouri Jedi ki te 20 Fevriye 2025 lan.

Plizyè pèsonalite te prezan nan seremoni sa a, pami yo: Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Leslie Voltaire ansanm ak Konseye-Prezidan Edgard Leblanc Fils, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, plizyè lòt manm nan gouvènman an, reprezantan Akademi Kreyòl Ayisyen an ak lòt manm enpòtan nan sosyete a.


Sekretè Deta Kominikasyon an Bendgy Tilias te pran lapawòl nan non ministè Kilti ak Kominikasyon an pou eksprime rekonesans li anvè Frankétienne ki te reprezante yon gwo potorik gason nan literati peyi a. Ekriven an ale, men zèv li yo ap rete imòtèl.

Madanm defen an, nan entèvansyon pa li an, te li yon lèt lanmou pou mari l. Li te tou pwofite pataje anpil bèl souvni ki make lavi koup la. Li fè konnen li te gen yon bon mari.


Pè selebran an, bò kote pa l, li fè konnen Frankétienne se te yon moun ki te gen yon gwo sans kreyativite ak yon angajman san fen. Li te gen kouraj pou l te lite nan fason pa l, kont diktati ak tout enjistis nan sosyete a.

Lavi ansyen Ekriven an ap sèvi yon sous enspirasyon pou tout jèn ki entèrese ak ekri, literati, elatriye. Yon ikòn ki ale san pa vrèman ki jèn ki pou ranplase l, nan yon peyi kote ensekirite fin elimine tout bon grenn entèlektyèl ayisyen.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://aiharsoreersu.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture