Daprè sa Jounal New York Times rapòte Jedi 22 Janvye 2025 lan nan aswè, Nan yon memorandòm entèn aktyèl responsab Depatman Sekirite Enteryè a Benjamine C. Huffman siyen, epi voye bay responsab U.S. Immigration and Customs Enforcement (ICE), Caleb Vitello, yo ba yo pouvwa pou retire nan peyi a « rapidman », tout migran administrasyon Biden nan te otorize rantre Etazini, atravè 2 pwogram imanitè sa yo :« Humanitarian Parole » ak « CBP One ».
Pou administrasyon Trump lan, migran sa yo ki evalye a anviwon 1.4 million, e ki te kòmanse rantre depi lane 2023, « pa legal sou teritwa ameriken an ». Memorandòm sa a pwopoze pou ajan federal yo priyorize imigran ki nan peyi a depi plis pase yon lane, oubyen ki depase 2 lane, men ki pa mande azil
Avèk Luckson Saint-Vil