Yon gwo manifestasyon kont Donald Trump dewoule samdi 18 Janvye 2025 lan nan Washington, ki te rasanble plizyè milye moun de jou anvan inogirasyon 47èm Prezidan Etazini an. Patisipan yo pwoteste pou yon seri sijè, dapre yo ke Donald Trump menase, tankou aksè a avòtman, batay kont rechofman planèt la ak defans dwa imigran yo.
Sou non « Mach Pèp la », manifestasyon sa a òganize pa plizyè gwoup dwa sivil ak jistis sosyal, pami yo ekip ki dèyè « Mach Fanm yo » nan 21 janvye 2017 atravè peyi a jou apre premye inogirasyon Donald Trump la.
Susan Dutwells, ki soti Florid (sidès) ak pitit fi li, deklare pandan mach la, ke li « pè anpil » epi « fache » pou wè Donald Trump retounen prezidan ankò.
Li kontinye pou l di « Anpil moun vote kont pwòp enterè yo. Mwen pa konprann ».
Aisha Becker-Burrowes, yon aktivis feminis nan foul la, di: « Lwa sa yo Trump qnvizaje pran yo ap mete lavi nou an danje ».
Plizyè lòt manifestasyon planifye nan peyi a , patikilyèman nan New York.
Apre viktwa li te genyen 5 novanm kont Vis-Prezidan Demokrat la Kamala Harris, Donald Trump pral prete sèman nan Kapitòl Lendi 20 Janvye 2025 lan, a midi e li pral vin 47yèm Prezidan Etazini.