Ameriken yo lanse samdi 4 janvye a seremoni nan memwa ansyen prezidan yo Jimmy Carter, ki te mouri 29 desanm lan nan laj 100 an. Omaj sa a demare nan Eta Georgia natif-natal li, yn seremoni k ap rive jis nan dèy nasyonal la 9 janvye.
Prezidan Demokrat soti 1977 pou rive 1981, Jimmy Carter te kite imaj entènasyonal yon moun ki te goumen pou lapè . Apre sèl manda li a, li te pran Pri Nobèl Lapè an 2002. Lè yo te anonse lanmò li, omaj te soti toupatou nan mond lan.
Sis jou seremoni yo, ki pral debouche sou 9 janvye nan Washington, demare a 10:15 a.m. Samdi 4 Janvye a , lè ajan Sèvis Sekrè, responsab pou pwoteje figi politik yo, pote sèkèy li.

Premye konvwa a te vwayaje nan Plains, ti vil kote li te tèlman atache. Anpil nan moun yo te rasanble nan lari, balanse drapo Ameriken, pou rann yon dènye omaj bay pitit peyi a.

Devan fèm fanmi kote li te grandi a, klòch te sonnen 39 fwa, ann omaj bay 39èm Prezidan Etazini an. Apre sa, yo ale nan Atlanta, kapital Georgia, ak yon moman devan kapitòl nan eta sidès la, kote li te yon senatè lokal anvan li te vin gouvènè.

Apre sa, kòbya a te kanpe devan Sant Carter, fondasyon ansyen prezidan an ak madanm li Rosalynn Carter te kreye an 1982, ki te mouri an 2023 a laj 96 lane. Angajman li nan fondasyon sa a, ki espesyalize nan prevansyon konfli, defans demokrasi ak pwoblèm sante piblik atravè mond lan.

Soti 19vè Samdi pou rive madi 6zè, Ameriken yo envite pou yo rann omaj devan kadav ansyen prezidan an.
Apre tout seremoni yo, Li pral antere an prive a 17h20, menm kote ak madanm li.
Un commentaire
Jimmy Carter était un vrai humain!