ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / Haïti / Epizòd 1: Blag jounen an

Epizòd 1: Blag jounen an

Yon direktè antrepriz òganize yon pwomenad nan yon forè pou bay anplwaye li yo ak fanmi yo yon prim.

Rive bò yon rivyè ki chaje ak kayiman, direktè a di: « Mwen pral bay 500 milyon  dola ak anplwaye ki travèse rivyè a  san kayiman yo pa manje l. E si yo manje l, mwen ap bay fanmi li 250 milyon dola. ! »

Apre yon gwo silans, yo tande yon ti bri pye nan dlo a epi yo voye je yo, yo wè youn nan anplwaye yo K ap naje nan dlo a. Pa mirak, li rive travèse rivyè a san kayiman yo pa manje l. Tout moun bat bravo epi yo ba li 500 milyon dola a.

Apre anplwaye a fin pran souf, li di byenfò: « Ki moun ki pouse m nan dlo a? »

Madanm li reponn, se mwen wi ki te pouse w nan dlo a kapon! Ou panse w t ap fèm pèdi 500 milyon sa a? 

Se la ekspresyon « Dèyè tout gwo gason gen yon fanm lan sòti » 😂😂😂

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://shoukigaigoors.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture