ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / International / Entèdiksyon Tiktok nan peyi Etazini, Biden voye balon an nan pye Donald Trump

Entèdiksyon Tiktok nan peyi Etazini, Biden voye balon an nan pye Donald Trump

Se yon responsab ameriken ki pat vle non li site, ki revele enfòmasyon an. Responsab sa a di ajans Associated Press, administrasyon Biden nan voye balon an nan pye Prezidan eli a Donald Trump, pou li deside si lap aplike ou pa, lwa ki mande pou entèdi TikTok sou teritwa ameriken an.

  Yon lòt bò, nan yon nòt yon responsab Lamezon Blanch voye bay ABC News, li fè konnen pozisyon yo klè : « TikTok dwe kontinye fonksyone, men se pwopriyete amerikèn pou li ye ». Responsab la di, parapò a dat lwa sa ta dwe rantre an aplikasyon, ki se 19 janvye 2025, swa yon jou avan envestiti Prezidan an, yo kite pou pwochèn administrasyon an deside si yap aplike l ou pa.

Daprè sa divès medya rapòte, Trump gen entansyon pou kenbe aplikasyon Chinwaz la Ozetazini, kontrèman a sa lwa Kongrè te vote a egzije. Nap fè konnen, PDG TikTok la Shou Zi Chew, envite pou al patisipe nan envestiti Donald Trump kòm Prezidan, 20 janvye kap vini la.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture