ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / Sécurité / Ensekirite: Bandi Savyen boule yon cha blende pou MMSS la

Ensekirite: Bandi Savyen boule yon cha blende pou MMSS la

Samdi 28 desanm 2024 la, nèg Savyen yo boule yon cha blende pou Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal (MMSS) la, nan depatman Latibonit.  Ensidan sa a rive nan yon kontèks kote rejyon an gen gwo enfliyans  gang ame yo.

Daprè Pòt-pawòl Fòs Kenya yo, cha blennde sa boule, aprè li te fin kole nan yon labou. « Bandi yo ta pral anvayi l, epi mete dife ladann », se sa Jack Ombaka eksplike.  Sitiyasyon sa a montre vilnerabilite operasyon sekirite yo nan zòn ki gen gwo risk yo.

Yon lòtbò, Lapolis demanti enfòmasyon ki ta fè kwè gen yon polisye ki mouri pandan atak sa a. Pòt-pawòl Adjwen PNH la, di « NON » ! Yo pa gen viktim nan mitan yo. Lionel Lazarre presize, se pat yon operasyon Lapolis ki te genyen, men se te pito yon patwouy ki tap fèt. Nap raple, sa fè kèk jou se gwo afwontman ki genyen ant fòs lòd yo ak bandi baz « Gran Grif », kap simen latwoublay nan Latibonit.



Nouvo zak  sa a yo ogmante laperèz kay popilasyon an, k ap viv nan yon sitiyasyon dezespwa.  Chak jou y ap sibi zak malonèt anba men bandi san fwa ni lwa, pandan gouvènman an pa gen kapasite pou mennen yon operasyon sere sere pou demantle òganizasyon malfra yo.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://shoukigaigoors.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture