Jodi jedi 06 Fevriye 2025 lan , peyi Salvadò voye 3 nan elikoptè li te pwomèt ak fòs sekirite miltinasyonal la, ki gen pou misyon konbat gang k ap simen latwoublay sou teritwa peyi Dayiti a.
Li enpòtan pou nou mete aksan sou diferans ki genyen ant elikoptè konba ak sa yo ke Salvadò delivre yo. kontrèman ak elikoptè ame yo itilize pou atake gang, elikoptè sa yo fèt pou misyon evakyasyon medikal. Kidonk, yo pral sèvi pou transpòte sòlda oswa polisye ki blese pandan operasyon kont kriminèl yo.
Sipò medikal peyi Salvadò a,Byenke li esansyèl, men mete aksan sou yon mank estrateji bò kote otorite ayisyen yo, ki pa vrèman eksplwate kapasite Salvadò genyen nan konbat gang. N ap raple sou prezidans Nayib Bukele, Salvadò te reyisi diminye enfliyans gang yo sou teritwa li gras a gwo operasyon miskle.
Sepandan, olye pou te limite tèt li nan sipò medikal, Ayiti te kapab mande èd salvadoryen yo nan fòmasyon ajan PNH ak Fòs Lame Dayiti a (FAD’H), oswa entegre sòlda sa yo nan operasyon yo. Eksperyans yo nan konbat sivil ame t ap gen anpil valè nan kontèks ayisyen an.
Pandan fòs Miltinasyonal la ap kontinye elaji ann Ayiti, sanble poko ap genyen yon vrè operasyon gason pa kanpe ki fèt. Si Salvadò vini sèlman pou sipò medikal, èske Ayiti ap kapab pwofite eksperyans Nayib Bukele nan batay kont gang yo, oswa èske l ap kontante l ak sipò lojistik, epi rate yon opòtinite pou jwenn èd pi dirèk ak estratejik?