Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) prezante jodi lendi 23 desanm 2024 la, apre yon pase men, pwogram 14 matyè pou lekòl segondè a. Depi plis pase twa lane, 40 teknisyen ayisyen avèk ankadreman sèten ekspè Frans Edikasyon Entènasyonal te mobilize nan kad pwojè NECTAR a pou travay sou dokiman sa yo nan lide pou adapte yo ak Kad Oryantasyon Kourikoulòm pou sistèm edikatif ayisyen an.
Direktè Jeneral Ministè a salye kalite travay sa yo ki dwe ede Filyè ansèyman jeneral la kapab pi byen chita anndan tout lekòl yo atravè 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon yo (DDE). Annatandan, pwofesè Yves Roblin raple, suivan konsiy Minis Augustin Antoine, MENFP pral fè anpil jefò pou fasilite deplwaman Filyè teknolojik la fèt pwogresivman. Sou kote Filyè ansèyman jeneral la, Filyè teknolojik la pral pouse pou yon lekòl ki pran an konsiderasyon aspirasyon jèn yo ki bezwen posede yon metye lè yo fin boukle fòmasyon klasik yo.
Kòdonatè Pòl Ansèyman ak Kalite a te mete aksan sou koyerans ki genyen ant pwogram twazyèm sik fondamantal la ak pwogram segondè a. Joseph Job Maurice fè sonje elaborasyon pwogram sa yo fèt selon apwòch pedagojik ki chita sou ranfòsman konpetans elèv yo, e se apwòch sa a Kad Oryantasyon Kourikoulòm pou sistèm edikatif ayisyen an priyorize. Selon Kòdonateè Maurice, tousa fèt nan objektif pou modènize ansèyman an epi rann lekòl pi adapte ak bezwen sosyete.
Nan kad pwosesis vilgarizasyon pwogram sa yo, Joseph Job Maurice anonse apati yon « QR Code » tout direktè lekòl, tout anseyan oubyen lòt moun sa entèrese kapab gen aksè ak dokiman sa yo. Nan menm sans la, atravè yon « Mass mailling », Inite Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon pou Edikasyon an ap voye 14 pwogram yo bay tout direktè lekòl ki anrejistre sou platfòm Sistèm Enfòmasyon pou Jesyon Edikasyon an. Konsa touto yo kapab itilize lyen sa a pou jwenn pwogram yo: https://drive.google.com/drive/folders/1CFJOYey0_VCmLobv1JY94M3uShGDpuj4?usp=sharing
Ministè a itilize pwosede sa yo yon fason pou ede plis ajan edikatif kapab genyen dokiman sa yo en de pap padap.
Sou menm lanse a, Direktè Ansèyman Segondè a te raple pandan 20 dènye lane sa yo tout jefò ki fèt pou Segondè renove, atravè Filyè ansèyman jeneral la, te kapab pran plas li anndan lekòl yo. Selon Miguel Fleurijean eksperimantasyon ki te demare nan lane 2005 la ta pral abouti dis lane pita ak generalizasyon pwogram sa yo. Sepandan faz eksperimantasyon an, aprè analiz, te montre nesesite pou gen pase men ki fèt nan pwogram sa yo. Konsa gen pwogram konseptè yo remanye totalman, gen lòt yo retouche, gen lòt ankò yo rekadre suivan apwòch ki chita sou ranfòsman konpetans elèv yo.
Miguel Fleurijean di li gen konviksyon – sou pwen sa li bay tout peyi a garanti -, pwogram segondè sa yo gen tout lejitimite yo paske y ap pèmèt elèv yo aprann sa yo dwe aprann nan klas yo. An plis, pou sa gen ki gen pou wè ak kalite dokiman sa yo, Direktè Ansèyman Segondè a asire tout kominote edikatif la dokiman sa yo reponn ak aspirasyon sosyete ayisyèn nan pandan li raple Komisyon Nasyonal sou Syans, Teknoloji ak Inovasyon an, ki gen landann yon seri ekspè sou divès branch lakonesans, valide travay sa a.
Kòdonatè Direksyon Depatmantal Edikasyon yo ankouraje tout ajan edikatif yo chèche konprann pi byen pwogram segondè sa yo ki pwopoze pou edikasyon, nan nivo sa a, fèt yon lòt jan. Nan kad pwosesis vilgarizasyon an, Jean Wilnor Pierre mande 10 Direksyon Deptamantal Edikasyon yo pou yo enplike yo yon fason pou lekòl yo kapab travay suivan pwogram sa yo.
Pandan prezantasyon pwogram segondè sa yo, te pwofite remèt bay Yvelt Admettre, reprezantan Platfòm Sendika Anseyan yo, ak Laurenel Louis, reprezantan Federasyon Nasyonal Sendika nan Edikasyon yo, de lo konplè pwogram yo. Daprè pwofesè Yves Roblin, sendika yo, antanke patnè privilejye Ministè a ap gen gwo wòl pou jwe nan ede anseyan yo metrize pwogram sa yo. Sepandan, de sendikalis sa yo di yo gen konviksyon aplikasyon pwogram sa yo p ap total kapital si kondisyon travay anseyan yo ak kondisyon aprantisaj elèv yo pa amelyore.
Arebò tab konferans pou laprès sa a, Ministè te fè plas pou pwofesè Josué Mérilien ak pwofesè Hérold Toussaint ki angaje yo nan yon konba pou yon edikasyon sou sitwayènte konsekan. Konsa yo te pwofite bay dizon yo sou aktivite sa a.
Malgre apresyasyon l pou jefò sa a Ministè a fè, Josué Mérilien estime gen kondisyon ki obligatwa pou bon jan aplikasyon pwogram sa yo. Sendikalis la site, pami kondisyon sa yo, mwayen finansye Ministè a dwe genyen pou li kapab aplike yo. Nan menm sans la, Josué Mérilien rete kwè aplikasyon pwogram sa yo p ap ka reyisi si lekòl yo pa reyini pi bon kondisyon pou ansèyman ak aprantisaj la dewoule. Konsa, li te mete anpil aksan sou nesesite pou kantin eskolè a kapab yon reyalite nan tout lekòl anndan peyi a.
Sou bò pa l, pwofesè Herold Toussaint te remesye MENFP poutèt li asosye l ak yon aktivite parèy. Selon pwofesè Toussaint, aktivite sa a nouri espwa pou peyi a paske li montre toujou gen posibilite pou Ayisyen mete peyi a sou ray si yo mete tèt yo ansanm. Selon li, se sa ki fèt avèk elaborasyon 14 pwogram segondè sa yo.
« Yon peyi ki pa privilejye edikasyon, se yon peyi ki pa gen lavni » daprè Hérold Toussaint ki fè konnen li byen apresye « entansyon pou fè moun vin pi moun » ki travèse tout dokiman sa yo. Nan sans sa a tou, li swete tout anseyan yo chèche metrize pwogram sa yo nan lide pou transfòme lekòl la epi pwodui yon lòt kalite jenès.
Pwofesè Toussaint di kòman li ta renmen tout lekòl nan peyi a bay edikasyon sou sitwayènte a plas li tout bon nan ansèyman an, se youn nan pi bon mwayen pou mare kole ansanm tout jèn Ayisyen kèlkeswa orijin sosyal ak kondisyon ekonomik lavi yo. Si sa rive fèt, eksklizyon sosyal yo ap diminye e peyi a ap abandone chemen vyolans la pou l pran chemen lapè dirab, lapè pou tout moun.
Biwo kominikasyon/MENFP
