Prezidan Ameriken an Donald Trump anonse lansman yon nouvo antrepriz amerikèn k ap pote non « Stargate » . Nouvo lokatè mezon blanch lan pwomèt envestisman enviwon » 500 milya dola » nan enfrastrikti teknoloji sa ki pral sèvi pou alimante pwochen jenerasyon entèlijans atifisyèl la.
Stargate(yon nouvo IA) ki pral yon nouvo sant ebèjman ak trètman done(data center), pral pèmèt kreyasyon 100 000 anplwa enviwon. Entrepriz sa a pral mete ansanm twa gwo antrepriz: » Oracle, Softbank ak openAI« .
Objektif Donald Trump pa sèlman envesti nan teknoloji ak kreyasyon anplwa, men kreye yon konkirans ak lachin ki deja fè yon gran avanse nan domèn teknoloji.
Kounya li rete pou detèmine eske desizyon Donald Trump lan se yon pawòl anlè pou bay espwa oubyen se yon pawòl ki gen gwo aksyon dèyè l. Èske vrèman anpil moun pral jwenn anplwa gras ak nouvo antrepriz amerikèn lan.