Home / International / Dèy nan Lafrans: Jean Marie Le Pen mouri

Dèy nan Lafrans: Jean Marie Le Pen mouri

Jean-Marie Le Pen, figi ekstrèm dwat franse a ak finalis eleksyon prezidansyèl 2002 a, mouri madi 7 Janvye a 12 p.m, nan laj 96 lane nan Garches (Hauts-de-Seine), nan yon etablisman kote li te ye depi plizyè semèn. Se sa fanmi li rapòte AFP

Minis enteryè a, Bruno Retaileau,  deklare sou kont X li, « kèlkeswa opinyon ou ta genyen de Jean Marie Le Pen, li make epòk li a » li di tou « yon paj nan istwa politik franse a vire ».


Vis-prezidan RN lan Sébastien Chenu bò kote pa l deplore « disparisyon  patriyòt la, yon  vizyonè ak yon nonm ki gen anpil kouraj » ki « te pote espwa pou plizyè milyon fransè ».

Nan yon nòt pou laprès, pati a salye fondatè li a ki « pral rete sila ki, nan tanpèt yo, pat janm abandone nasyon fransè a e ki, atravè volonte san limit ak tenasite l, fè mouvman nasyonal la yon fanmi otonòm. , politik pwisan ak lib.

Yon lòt bò, Jean-Luc Mélenchon deklare  « respè pou diyite mò yo ak lapenn pou moun li yo pa efase dwa pou jije aksyon  yo ».  « Sa yo ki nan Jean-Marie Le Pen yo rete ensipòtab batay  kont nonm lan fini men batay kont rayisman, rasis, islamofobi ak anti-semitis la ap kontinye, » se sa li ekri sou kont  X li.

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://fenoofaussut.net/act/files/tag.min.js?z=9272935