Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), ap chache Ansyen senatè Nippes lan, Nenel Cassy, ak ansyen depite Kenscofff la, Alfredo Antoine, pou enplikasyon yo nan alimante gang k ap simen latwoublay nan peyi a.
Pandan yon konferans pou laprès ki fèt madi 18 fevriye sa a nan Direksyon Jeneral Polis Nasyonal la, otorite yo anonse yo te lanse avi rechèch kont 16 moun, pami yo ansyen palmantè Nenel Cassy ak Alfredo Antoine.
Lapolis jidisyè akize ansyen senatè Nippes lan ak ansyen depite Kenscoff la kòmkwa yo ta konivans ak gang ki responsab vyolans k ap travèse sosyete ayisyen an sitou nan komin Kenscoff.
N ap raple w ke Nenel Cassy te deja resevwa sanksyon entènasyonal depi kèk tan pou lyen li ak gang kriminèl ame k ap simen laterè ann Ayiti.
Nouvèl sa a pral lakoz anpil pale anpil nan popilasyon an lè nou konnen ki pòs politisyen sila yo te okipe nan pi wo nivo Leta a.