Home / National / DCPJ arete ansyen depite Victor Prophane

DCPJ arete ansyen depite Victor Prophane

Ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) arete, jodi Dimanch 12 Janvye 2025 lan, ansyen depite Tirivyè Latibonit lan, prophane Victor. Se Komisyonè Divizyon Michel-Ange Louis Jeune, pòtpawòl DCPJ a, ki konfime arestasyon an.

Operasyon sa a fèt nan rezidans prive li nan Petyonvil, nan menm jou kote peyi a te komemore tranblemanntè trajik 12 janvye 2010 a. Apre arestasyon li, yo fouye lakay ansyen palmantè a, ki chita nan Vivy Mitchell.

Si pou kounya a poko gen vrè motif arestasyon an, ansyen depite a te figire nan lis politisyen ke Etazini ak Kanada te sanksyone.  Yo akize l kòmkwa li ta finanse gang ame ki enplike nan vag vyolans k ap souke peyi a depi plizyè mwa.

Ankèt la ap kontinye, e otorite yo poko bay plis detay sou akizasyon yo kont ansyen ofisyèl la.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://fenoofaussut.net/act/files/tag.min.js?z=9272935