Home / International / Afrique / Côte d’Ivoire mete fen ak prezans militè franse yo sou sòl li a

Côte d’Ivoire mete fen ak prezans militè franse yo sou sòl li a

Peyi afriken Côte d’Ivoire mete fen ak prezans militè franse yo sou sòl li a, Anons sa a te fèt pa Prezidan ivwaryen an, Alassane Dramane Ouattara, pandan diskou li nan nasyon an nan dat 31 desanm 2024.

“Nou fyè de lame nou an ki gen modènizasyon efikas kounye a.  Se nan kad sa a ke nou  deside mete fen ak fòs lame franse a nan Côte d’Ivoire, » se  deklarasyon Alassane Ouattara, nan diskou fen ane li.

Nou mete fen nan yon peryòd istorik pou peyi Afriken sa a ki te reprezante kolòn vètebral Françafrique la. Baz lame franse a ap ranplase pa fòs lame lokal yo nan fen mwa Janvye 2025 lan.


Yon desizyon ki vini kèk mwa anvan eleksyon prezidansyèl ki pwograme pou oktòb 2025 nan Côte d’Ivoire.

Prezans militè franse a nan Afrik, ki vrèman redwi pandan 5 dènye ane yo, genyen sèlman de baz, youn nan Gabon ak lòt la nan Djibouti.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://fenoofaussut.net/act/files/tag.min.js?z=9272935