Clapper ki se youn nan aplikasyon itilizatè TikTok yo te pran kòm altènativ depi avan entèdiksyon an, fè fas ak yon pwoblèm teknik grav. Touswit aprè TikTok fin anonse li fèmen, anpil moun te kouri ale sou Clapper, sa ki ta pral fè App la friz totalman.
Platfòm sa ki pratikman sanble ak TikTok, te fè plizyè èd tan kote itilizatè yo pat gen aksè avèl ditou. Pou kounya, paj aktyalite sou aplikasyon sa pa disponib. Itilizatè yo gen posiblite sèlman pou yo fè LIVE.
Anpil nan kreyatè kontni Ayisyen ki sou Clapper yo se ansyen itilizatè TikTok, kap eseye konstwi yon lòt odyans sou nouvèl platfòm sa a. N ap fè w konnen tou, Clapper pa aksesib Ayiti, se sèlman VPN ou ka itilize si w vle itilize l.
Avèk Luckson Saint vil