Chanselye ayisyen an Jean Victor Harvel Jean-Baptiste, ale Benen pou l patisipe nan yon rankont minis afè etranjè Benen ak Kominote Karayib la (CARICOM). Reyinyon sa a pral dewoule sou tèm « Ranfòse lyen bilateral yo ak pwomosyon koperasyon Pana-Africaine ak Karayib la ».
Daprè Ministè Afè Etranjè Ayiti a, minis la pral pwofite okazyon sa a pou relanse relasyon bilateral ant Ayiti ak Benen. Inisyativ sa a vize ranfòse patenarya nan divès domèn tankou ekonomi, kilti ak diplomasi.
Depi ke Harvel Jean-Baptiste te pran fonksyon kòm chèf Ministè Afè Etranjè a, vwayaj li yo te ogmante e li òganize ajanda li nan patisipe nan evènman ki gen rapò ak Caricom.
27 desanm lan li te patisipe nan 8yèm rankont Japon-Caricom. Jodi a li pral Benen. Ki espwa ki genyen pou Ayiti nan kriz ensekirite a malgre ranfòsman relasyon diplomatik yo? Yon kesyon ki rete san repons jiskaprezan.