Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an Ekselans Leslie Voltaire ak Konseye-Prezidan yo, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak manm nan Gouvènman li an, Anbasadè ki akredite nan peyi a, te patisipe nan yon mès jodi dimanch 12 Janvye 2025 lan pou rann omaj ak tout moun ki te mouri nan tranblemantè 12 janvye 2010 la.
Se Reveran Pè Jean Robert Louis ki te selebre mès espesyal sila a nan Viladakèy.

Jodi Dimanch 12 Janvye 2025 lan fè 15 lane depi yon terib tranblemantè te ravaje Ayiti, prensipalman Pòtoprens, kote anpil ayisyen te pèdi lavi yo. Moman sa a toujou mete dlo nan je fanmi ki te viktim yo, sila yo ki te pèdi manman, papa, pitit, kouzen, kouzin, tonton, matant, frè ak sè yo. Moman sa a p ap janm efase nan lespri yo.
Genyen tou, se andikap yo ki mete dlo nan je yo paske jou sa a te pran yon pati nan kò yo. Nan okazyon sa a, gouvènman pwofite pou voye mo senpati l bay sila yo.
Èske mo senpati sifi, lè nou konnen kantite moun ki viktim anba men gang ak zam anba je gouvènman ? Èske ensekirite k ap ravaje peyi a se pa yon tranblemantè atifisyèl politisyen ayisyen kreye pou fini ak peyi a?