Pami 750 polisye ki te enskri nan 34yèm pwomosyon polisye nasyonal la, 739 gradye jodi vandredi 10 Janvye 2025 lan, Ladan yon gen 213 fanm.
Seremoni gradyasyon an, ki te dewoule nan Akademi Nasyonal polis la sou wout Frères, te reyini plizyè pèsonalite enpòtan, tankou Leslie Voltaire, prezidan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl (CPT) la, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, manm gouvènman an ak reprezantan òganizasyon entènasyonal yo. Evènman sa a ki te dewoule anba katouch, montre vilnerabilte enstitisyon polis la.
Pami 739 ki gradye jodi a, 500 pral entegre nan yon inite espesyal ki pral gen pou ranfòse operasyon lapolis yo. Misyon yo pral entèvni nan zòn kote gwoup ame yo ap dirije, yon fason pou konsolide rezilta yo sou teren an. Yon sous lapolis endike ke estrateji sa a gen pou objektif ogmante efikasite nan entèvansyon lapolis la fas ak ensekirite ya k ap grandi chak jou.














