Bradley DIEUJUSTE , se yon ajan otorize konpayi Natcom ak Digicel, Ki pran plezi l nan pirate kont Natcash ak Mon Cash kliyan yo, rive jwenn arestasyon l, yè jedi 13 fevriye 2025 lan, aprè plizyè plent manb popilasyon an depoze kont li, fòs lòd yo nan vil Pòdepè rive mete l anba kòd.
Bradley Dieujuste enplike nan fè vye tranzaksyon , li pwofite de aksè li genyen pou l manipile sistèm lan epi detounen fon pou bezwen pèsonèl li. Plizyè plent te deja depoze kont li, yo te deja sinyale kèk aktivite sispèk ak vyolasyon pwotokòl sekirite.
Otorite yo deja ap kontinye mennen envestigasyon pou jwenn nivo zak malonèt sa Bradley fè ansanm ak tout lòt konplis li yo. Aksyon sa montre kòman li enpòtan pou ranfòse sistèm sekirite pou platfòm pèman mobil yo, nan lide pou pwoteje itilizatè yo kont zak pirataj yo.