Home / Santé / Ayiti: Lopital general ravaje anba flanm dife bandi san fwa ni lwa

Ayiti: Lopital general ravaje anba flanm dife bandi san fwa ni lwa

Jodi Jedi 13 fevriye 2025 lan, pi gwo sant lopital nan peyi Dayiti, Lopital Jeneral Pòtoprens, tonbe anba flanm dife.



Dapre premye enfòmasyon yo, pati matènite etablisman an prèske detwi nèt.  Sant lopital la, ki te anba okipasyon gwoup ame pandan plizyè mwa, finalman pase anba flanm dife bandi san fwa ni lwa.

Konstwi sou administrasyon ansyen Prezidan Michel Martelly ak finansman Bank Entè-Ameriken Devlopman (BID) ak gouvènman ayisyen an, lopital la poko fini.  Depi ke gwoup ame te pran kontwòl kapital la, lopital la te anba dominasyon yo, san leta pa fè yon entèvansyon serye pou rekipere l.

N ap raple w ke yon ansyen Minis Sante t ap eseye relouvri li, men gwoup ame yo te opoze ak li, rive jiska touye plizyè jounalis ki te prezan sou plas.  Jodi a, pi gwo lopital nan peyi a redwi an sann.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Articles les plus consultés

Close
//madurird.com/5/9272934 https://pertawee.net/act/files/tag.min.js?z=9272935