Home / National / Apôtre Amelito, yon  konprime antistrès pou pèp ayisyen an

Apôtre Amelito, yon  konprime antistrès pou pèp ayisyen an

Jeff Altema ke nou plis konnen sou non komedyen li « Apôtre Amelito« , fèt Okay, nan depatman Sid Ayiti. Imouris ayisyen sa a ki genyen plizyè milye abòne sou rezo sosyal yo gen yon talan eksepsyonèl nan fè moun ri, ou paka pase sou yon videyo l oubyen yon foto l pou pa ret gade l, tèlman l ap chame w.

Nan yon entèvyou li te bay Top Média Haïti nan dat 30 Desanm 2024 , « Apôtre Amelito » te revele ke li se mizisyen ak fotograf tou. Kòm chantè ak gitaris, li te pase anviwon yon dizèn lane ap chante nan legliz nan kapital la, prensipalman kafou, kote li te konn travay kòm fotograf pwofesyonèl pou l te jwenn lajan pou l viv.

Mwen fèt tou komedyen, nan lane 2005, mwen te kòmanse imite Tonton Bicha rive jis nan lane 2010. Aprè tout ane sa yo, mwen di fòk mwen chache  vrèman kilès mwen ye, paske mwen p ap janm ka rive moun m ap imite a. Se sa li te deklare.

Apôtre Amelito jwe fim I Love you Anne lan pou kò l😀😀

A pati moman sa a, Apòt la sispann imite Tonton Bicha pou l lanse l nan mizik ak fotografi, rive jouk nan lane 2022, li te demare karyè komedyen li. Depi lè sa a, Amelito tonbe nan imite vwa: jounalis, pastè, chantè, animatè. Ou poko janm sezi, Apòt la vin tounen gwoup mizikal  ayisyen ak aletranje tou wi.

Pou nou kontinye, Jeff Altema vin pi popilè toujou lè l tonbe nan imite yon pakèt pèsonalite popilè sou rezo sosyal yo.

Apôtre Amelito k ap imite Thériel Thélus 😀😀

Yon jou, mwen te deside reyalize yon videyo sou pastè Armel Lafleur, aprè m fin poste videyo a, male nan douch, lè m retounen aprè kèk minit, gentan gen 15 000 moun ki gade videyo wa, sa te etone m. » Se sa Apòt la te rakonte.

Avèk anpil sakrifis ke jèn ayisyen sa a fè pou reyalize travay ekstraòdinè sa yo nan distrè popilasyon ayisyèn lan, piblik la vin gen yon lanmou tèt chaje pou li. Si w gen fo dan, fòk ou ta vise l avan w al gade Apòt Amelito, paske l ka sot tonbe nan ri.

Pou ane 2024 la, Apòt la te pran pri meyè komedyen ak pèsonalite popilè pou pa Endistri Mizik ak Zen, TV solèy Leve ak plizyè lòt medya nan peyi Dayiti.

Apòt la te di li espere yon jou òganize yon pwogram nan Pòtoprens, pou l ka rankontre fizikman tout sipòtè l yo. E li ankouraje yo rete ini, konsa yo ka konstwi yon nouvèl sosyete.

0
Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
Amérique
Europe
Afrique
Asie
Océanie/pacifique
//madurird.com/5/9272934 https://couphaithuph.net/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture