Home / Sécurité / Ansyen direktè Polis nasyonal Ayiti a, Mario Andresol nonmen sekretè Deta ak sekirite piblik

Ansyen direktè Polis nasyonal Ayiti a, Mario Andresol nonmen sekretè Deta ak sekirite piblik

Ansyen direktè jeneral Polis Nasyonal Dayiti (PNH) a, Mario Andrésol,  nonmen Sekretè Deta ak Sekirite Piblik, daprè enfòmasyon nou jwenn Lendi 13 janvye 2025 sa a. Arete Ofisyèl ki nonmen li a  deja transmèt bay jounal Ofisyèl , Le Moniteur, pou piblikasyon.

Dapre enfòmasyon ki disponib, Mesye Andrésol kapab pran pòs lendi sa a. Desizyon sa pran nan objektif pou ranfòse efò lapolis la pou kontrekare gang yo  k ap simen latwoublay nan plizyè rejyon nan peyi a.

Malgre gen kèk nan konseye prezidansyèl yo ki eksprime dout yo sou chwa sa fas ak relasyon l te deja genyen nan politik peyi a, eksperyans li kòm ansyen DG lapolis la,  ta dwe pote fwi nan lit kont ensekirite nan peyi a.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://fenoofaussut.net/act/files/tag.min.js?z=9272935