Konsèy prezidansyèl Tranzisyon an pran dezisyon yè madi ki te 18 Fevriye 2025 lan pou anile kanaval nasyonal 2025 lan ki te prevwa fèt Fort-Liberté soti 2 pou rive 4 Mas 2025 lan. Faz a ensekirite a ki kontinye ap vale tèren , gran evènman kiltirèl sa a pa pwopis pou moman an.
Lansman òganizasyon kanaval la te deja sisite anpil deba nan popilasyon an, nan medya, sou rezo sosyal yo ak divès òganizasyon.Fas ak tout kri sa yo, gouvènman an pran nòt e li chwazi kraze kite sa, sepandan kanaval rejyonal yo ap toujou òganize.
Desizyon sa a deja pral fè anpil enpak sou vil Fort-Liberté a ki te deja ap prepare pou gwo evènman sa, ansanm ak anpil atis, gwoup mizikal ak atisan ki te kòmanse pare pou vann travay yo, ki ta pral ede yo rantre kòb, sitou ak sitiyasyon difisil ke peyi a ap travèse.
Si pou anpil moun desizyon gouvènman an pran pou kanpe kanaval la nòmal, pou anpil lòt se yon defèt. Otorite yo moutre a klè enkapasite yo pou etabli sekirite nan peyi a ak fouke gang k ap fè la lwa prèske nan tout teritwa peyi a.