ei 1748265369900 removebg preview
Loading ...
Home / National / Alèt Tsunami sou karayib la

Alèt Tsunami sou karayib la

Yon tranblemanntè mayitid 7.6 pase samdi 08 Fevriye 2025 lan 7:23 PM pa lwen Ondiras, nan Lanmè Karayib la, dapre Ameriken Geological Survey (USGS) Li pwovoke yon alèt tsunami pou plizyè peyi Karayib la, tankou Kiba, Jamayik, Meksik, Kosta Rika ak Ayiti. 

Gouvènman Zile Kayiman an deja bay yon avètisman sou tsunami e li te di sou rezo sosyal li yo ke « rezidan li yo k ap viv toupre lanmè a  pou yo deplase. »

Otorite Ondiryen yo te di pa gen okenn rapò imedya sou domaj, men yo ankouraje rezidan li yo pou yo rete lwen plaj nan kèk èdtan kap vini yo, se sa medya lokal yo rapòte.

Sant Enfòmasyon Entènasyonal Tsunami rapòte ke « vag tsunami danjere ki soti nan tranbleman tè sa a posib nan twa èdtan kap vini yo sou kèk kòt » nan Zile Kayiman yo, Jamayik, Kiba, Meksik, Ondiras, Bahamas, Ayiti, Turks and Caicos, San Andrés Providence, Beliz, Repiblik Dominikèn, Kolonbi, Panama, Pòtoriko, Kosta Rika,  Aruba, Bonaire, Curaçao, Zile Vyèj Ameriken yo, Zile Vyèj Britanik yo ak Saba.

Étiquetté :

Répondre

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Close
//madurird.com/5/9272934 https://eechicha.com/act/files/tag.min.js?z=9272935

En savoir plus sur Le Bainétien

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture