Administrasyon Trump lan devwale jodi Madi 10 mas 2025 lan yon nouvo aplikasyon, CBP Home, ki ranplase ansyen aplikasyon CBP One lan. Nouvo platfòm sa a pral pèmèt imigran ki ilegal yo aplike pou depòte tèt yo, se sa Fox News rapòte.
CBP One, ki te devlope okòmansman pou fasilite kontwòl fwontyè yo,te itilize pa administrasyon Biden lan pèmèt imigran yo pran randevou nan fwontyè Meksik la pou yo antre Etazini sou kondisyon. Politik sa a tè favorize plizyè milye moun pile tè Ameriken an, yon pratik ke administrasyon Trump lan te kanpe imedyatman lè yo te monte sou pouvwa a.
« Administrasyon Biden te itilize aplikasyon CBP One pou pèmèt plis pase yon milyon etranje antre Ozetazini ilegal. Avèk lansman aplikasyon CBP Home lan, n ap retabli entegrite sistèm imigrasyon nou an,” se sa Sekretè DHS Kristi Noem te di nan yon deklarasyon.
“Aplikasyon CBP Home lan bay etranje posibilite pou yo kite kounye a epi pou yo depòte tèt yo, pou yo ka toujou gen opòtinite pou yo retounen legalman alavni epi pou yo viv rèv Ameriken an. Si yo pa fè sa, n ap jwenn yo, n ap depòte yo epi yo p ap janm ka tounen, » ajoute Kristi Noem.
Tout aplikasyon CBP One lan pral piti piti mete ajou pou nouvo aplikasyon CBP Home lan, sa ki make yon pwen enpòtan nan jesyon administrasyon Trump la nan zafè migrasyon.
