Gouvènman Ayisyen an debloke 500 milyon goud pou prepare vizit prezidan Kolonbi a, Gustavo Petro nan Jakmèl. Yon pati nan kòb sa a pèmèt yo prepare enfrastriki yo pou akeyi Prezidan an. Sepandan, yon kesyon fondamantal ap fè tole. Poukisa tout depans sa a pou sèlman yon senp vizit pandan gen pwoblèm ki pi ijan ki ta dwe rezoud nan popilasyon an?
Pandan ke y ap prepare vil Jakmèl pou vizit sa a, wout ki pou mennen nan vil la, pa mòn jak, kraze nèt. Sitiyasyon an vin pi grav. Abitan nan zòn lan dwe brave anpil danje pou pase nan wout sa a akoz bandi san fwa ni lwa ki bloke wout nasyonal la. Yon pwoblèm ki ta dwe rezoud ke otorite yo jiskaprezan poko fè anyen pou sa.
Yon peyi k ap fè fas ak tout sòt ensekirite, popilasyon an paka viv nan lapè, poutan gwo lajan ap debloke pou yon senp bagay ki ka pa menm rapòte sitwayen yo anyen. Kòb sa yo te ka itilize nan pi bon kondisyon ki te ka amelyore lavi ayisyen yo.
Move jesyon sa yo nan gouvènman an montre a klè, pa gen kesyon pèp k ap regle, men pito otorite yo k ap toujou jwenn avantaj. Li lè, li tan pou gen yon pi bon jesyon nan leta peyi a kote popilasyon an ka niche dwèt yo. Pou politisyen sispann gaspiye lajan nan bagay ki p ap vrèman itil ti pèp la.