Kisa albinism lan ye?
𝘼𝙡𝙗𝙞𝙣𝙞𝙨𝙢 se yon maladi jenetik . Moun ki soufri maladi sa yo rele 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀, nan peyi nou Ayiti, yo konn rele yo tou « blan mannan« , « ravèt blanch😁 ». 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 yo gen yon pwoblèm 𝗺𝗲𝗹𝗮𝗻𝗶𝗻. Menmjan nou konn itilize pat tomat pou nou bay sòs koulè a, kò a se 𝗺𝗲𝗹𝗮𝗻𝗶𝗻 limenm li itilize pou l pran koulè .𝗠𝗲𝗹𝗮𝗻𝗶𝗻 nan pwoteje kò a kont 𝗥𝗲𝘆𝗼𝗻 𝗶𝗹𝘁𝗿𝗮𝘃𝘆𝗼𝗹è solèy la ak lòt sous limyè tou. 𝗥𝗲𝘆𝗼𝗻 𝗶𝗹𝘁𝗿𝗮𝘃𝘆𝗼𝗹è sa yo akselere vyeyisman po a , yo se yon faktè ki ka lakòz yon moun gen kansè po ak katarakt tou.

●Pwodiksyon 𝗺𝗲𝗹𝗮𝗻𝗶𝗻 nan sou kontwòl plizyè jèn. Se alterasyon youn ladan yo ki lakòz yon moun 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀.
Tip Albinòs
Gen 2 gran kalite 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 , si w pa t konn sa, kite m esplike w.
●Gen youn yo rele 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻𝗶𝘀𝗺 𝗢𝗸𝗶𝗹𝗼𝗸𝗶𝘁𝗮𝗻𝗲 (𝗔𝗢𝗖): se li nou jwenn pi souvan. Li otozomal resesiv, sa vle di mitasyon jenetik la fèt sou yon kwomozòm ki pa yon kwomozom seksyèl. Pou yon timoun genyen fòm sa a fòk li resevwa yon jèn mite(move jèn) nan men chak grenn paran li yo.

𝗦𝗶 𝘄 𝗽𝗮 𝗸𝗼𝗻𝗽𝗿𝗮𝗻𝗻 𝗽𝗮 𝗲𝗻𝗸𝘆𝗲𝘁𝗲 𝘄, 𝗺 𝗮𝗽 𝗲𝘀𝗽𝗹𝗶𝗸𝗲 𝘄 𝗹𝗶 𝗽𝗶 𝘀𝗲𝗻𝗽 𝘁𝗼𝘂𝗷𝗼𝘂. 𝗟𝗶 𝘀𝗮 𝗮 𝗯𝘆𝗲𝗻 :
●Papa w ak manman ou ka pa 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 men yo chak la ka gen yon move jèn nan san yo(jèn mite) . Nan ka sa yo gen yon chans sou 4 pou yo gen yon timoun ki albinòs.
●Si youn nan paran yo 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀, lòt la pa 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀, yo ap fè pitit ki 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 sèlman si paran ki pa 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 la gen yon jèn ki mite lakay li. Si tout fwa pa gen jèn ki mite lakay paran ki pa 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 la, menmsi mari l oubyen madanm li 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀, koup sa a p ap fè pitit ki 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀.
𝗡𝗼𝘂 𝗸𝗼𝗻𝗽𝗿𝗮𝗻𝗻 𝗽𝗮𝘁𝗶 𝘀𝗮 𝗮?
𝗔𝗻𝗻 𝗮𝘃𝗮𝗻𝘀𝗲 𝗽𝗼𝘂 𝗽𝗶 𝗱𝗲𝘃𝗮𝗻
●Gen yon fòm yo rele 𝗔𝗯𝗶𝗻𝗶𝘀𝗺 𝗢𝗸𝗶𝗹è 𝗣𝗶: nan ka sa , transmisyon maladi a fèt sou yon kwomozom seksyèl. Pitit gason yo gen 50% chans pou yo gen maladi sa . Tifi yo menm ka transmèt li. Tifi yo pa fasil gen fòm sa men si yo ta gen papa yo ki albinòs epi manman yo ta gen jèn nan, sa ka rive yo genyen l men sa pa rive fasil ditou.

●Gen anpil jèn ki enplike nan bay maladi sa a men malerezman yo poko rive idantifye tout. Sèl dyagnostik jenetik ka pèmèt nou idantifye fòm albinism yon moun soufri.
𝗞𝗶 𝘀𝗲𝗻𝘁𝗼𝗺 𝗮𝗹𝗯𝗶𝗻𝗶𝘀𝗺?
●Depi ou rive sou moun ki 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 la w ap wè li. Fòm je yo, cheve yo, avèk po yo jan nou wè foto a.
●Koulè po yo ap varye selon degre defisi melanin yo genyen an. Jeneralman po yo blanch, cheve yo blanch oubyen jon. Iris je yo konn ble klè, pipiy je yo konn wouj.
●Moun ki 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 yo gen difikilte pou yo byen wè, yo pa tolere limyè.
𝗞𝗶 𝘀𝗼𝗹𝗶𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗸𝗶 𝗴𝗲𝗻𝘆𝗲𝗻 𝗽𝗼𝘂 𝗺𝗼𝘂𝗻 𝗸𝗶 𝘀𝗼𝘂𝗳𝗿𝗶 𝗺𝗮𝗹𝗮𝗱𝗶 𝘀𝗮 ?
●𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 yo gen yon pwoblèm melanin, sa fè yo pa ka sipòte solèy. Pou rezon sa yo dwe toujou mete rad manch long, chapo, linèt, yo dwe krèm solè pou figi yo ak men yo.
●Yo dwe ale kay Oftalmològ(doktè je) k ap ba yo linèt ki adapte a pwoblèm yo genyen an.
𝙂𝙚𝙣 𝙧𝙚𝙘𝙝è𝙘𝙝 𝙠 𝙖𝙥 𝙛è𝙩 𝙥𝙤𝙪 𝙮𝙤 𝙧𝙚𝙯𝙤𝙪𝙙 𝙥𝙬𝙤𝙗𝙡è𝙢 𝙣𝙖𝙣 𝙙𝙚𝙥𝙞 𝙣𝙖𝙣 𝙟è𝙣 𝙮𝙤, 𝙜𝙚𝙣 𝙚𝙨𝙥𝙬𝙖 𝙜𝙚𝙧𝙞𝙯𝙤𝙣.
Albinòs yo sibi anpil diskriminasyon tankou: imilyasyon, kwè ke yo pa menm jan ak tout moun, gen moun ki di yo salòp, gen sa ki di yo santi fò, elatriye.
Men sa kèk ayisyen panse?
•Genyen ki panse fè bagay ak Albinòs bay chans. Se yon mit. Lasyans pa revele sa
•Gen lòt ki panse Albinòs pa mouri, paske yo poko janm wè y ap chante antèman yon Albinòs. N ap di w wi Albinòs mouri paske l se yon imen.
𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 yo se moun menmjan ak tout moun, nou ka remake yo pa gen okenn lòt twoub grav epi yo pa kontajye jan anpil moun kwè sa.
●Nou konn wè gen 𝗔𝗹𝗯𝗶𝗻ò𝘀 po yo takte takte, se pa salòp yo salòp ni sa pa ka kontamine nou. Se reyon solèy la ki boule po yo.
Pou fini, n ap fè w konnen, se nwa ki plis afekte pa maladi sa. W ap sezi wè 2 moun ki nwa anpil ka fè albinòs, ou pa ta di se yon mirak.